Konpayi Digicel lanse jounen lendi 26 mas-la twazyèm edisyon konkou digicel antreprenè ane-a. Konkou sa-a vize fè pwomosyon antreprenè ayisyen yo a travè tout peyi-a se nan otèl karibe convention center aktivite yo te deroule nan prezans divès pèsonalite ayisyen ak etranje. Direktè resous moun Digicel-la Bryan Gonzales nan diskou sikonstans-lan fè konnen tèm konkou ane-a 2012 la se <konstwi pou demain peyi dayiti>. se yon inisyativ ki dwe pèmèt tout aktè konsène yo rive transfòme sosyete ayisyèn-lan.Fondatè carribean Harvest-la Valentin Abé ki se gran gayan konkou digicel antreprenè pou ane 2011-lan nan okazyon-an salye inisyativ responsab konpayi-an pran -an yon fason pou ankouraje moun kap envesti nan peyi-a kontinye pran chemin sa-a nan benefis sosyete-a. Doktè Abè fè konnen ayiti se yon peyi ki chaje ak opòtinite nan zafè biznis.
Konpayi digicel lanse 3e edisyon konkou digicel antreprenè ane-a
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/konpayi-digicel-lanse-3e-edisyon-konkou-digicel-antreprene-ane-a/thumbs/thumbs_sam_7532.jpg]150SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/konpayi-digicel-lanse-3e-edisyon-konkou-digicel-antreprene-ane-a/thumbs/thumbs_sam_7533.jpg]150SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/konpayi-digicel-lanse-3e-edisyon-konkou-digicel-antreprene-ane-a/thumbs/thumbs_sam_7534.jpg]140SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/konpayi-digicel-lanse-3e-edisyon-konkou-digicel-antreprene-ane-a/thumbs/thumbs_sam_7536.jpg]120SAMSUNG DIGITAL CAMERA

No Comments