Lansman etat jeneral sou envestisman an Ayiti

Ministè komès ak endistri lanse nan otèl karibe  convention center nan petyonlvil lendi 12 mas-la premye edisyon etat jeneral sou envestisman-an an ayiti. Aktivite sa-a kap fét pandan 2 jou vize elaborasyon ak adopsyon yon plan travay amonize e konsilte tout aktè ekonomik ki konsène pa pwoblematik antreprenarya ak  envestisman-an an ayiti, prensipal tèm kap debat yo se bidjè e kad makwo ekonomik, anviwonnman,legal des afè politik sektoryèl enfrastrikti e envestisman estratejik sistèm sipòte antreprenarya ak antrepriz.Prezidan repiblik la Michel Joseph Martelly ki tap louvri ofisyèlman deba yo rekonèt sitiyasyon sosyal ak ekonomik popilasyon-an trè difisil, pou rezon sa-a li lanse yon apèl nan mitan akt♪8 konsène yo travay ansanm pou rive bay peyi-a yon lòt oryantasyon nan nivo ekonomik pou rive pote yon amelyorasyon nan kondisyon lavi popilasyon an.Minis komès ak endistri a Wilson Laleau nan diskou sikonstans-lan fè konnen etat jeneral sou envestisman-an dwe pèmèt aktè ekonomik yo defini yon meyè estrateji pou rive rezoud pwoblèm pèfòman ak kreyasyon riches peyi-a ap travèse depi lontan-an. Minis Laleau di nan sans sa-a yap kontinye fè jefò pou mete estrikti nesesè an plass pou fasilite devlopman ekonomik ak sosyal peyi-a.

Lansman etat jeneral sou envestisman an Ayiti

About the author  ⁄ RTG

No Comments

Leave a Comment