Ministè anviwonman an kolaborasyon ak PNUD, BID epi lòt patnè li yo te òganize jounen mèkredi 8 fevriye-a yon reyinyon konsiltasyon wo nivo sou ankadreman anviwonman Pak Endistriyèl nan Nò peyi-a. Aktivite yo te deroule nan Hotel Montana nan Petyonvil Minis anviwonman-an, Joseph Ronald Toussaint annonse yo pran desizyon pou kreye yon è marine pwoteje pou kapab evite yon degradasyon nan nivo anviwonman zòn Pak enditriyèl Caracol-la, paske pral gen anpil aktivite nan lokalite-a. Pwogram nasyonzini pou devlopman (PNUD) pran angajman a travè direktè adjwen-li an Ayiti Marc-André Franche pou pote kontribisyon-l nan kad miz an plas sistèm nasyonal è pwoteje, Mr Franche ki di yo konsyan de seri defi konstriksyon Pak endistriyèl-la poze di yap pote kole nan pwojet sa-a yon fason pou fasilite peyi-a pran chemen devlopman ak pwogrè ekonomik.Mme Janine Ferretti kite reprezante bank entèameriken devlopman (BID), nan reyinyon konsiltasyon-an fè konnen leta Ayisyen gen anpil defi pou releve nan nivo anviwònman paske konsta yo montre sitiyasyon-an trè kritik. pou rezon sa-a Mme Ferretti fè konnen BID ap akonpaye inisyativ ministè anviwònman-an pou evite konstriksyon Pak endistriyèl-la gen yon enpak negatif sou la vi popilasyon-an nan nivo anviwònman. Reprezantan Fon pou anviwònman mondyal-la Andrew Velthaus nan entèvansyonl fè konnen enstitisyon-an deside pote sipò li nan pwojè-a paske misyon yo se travay pou pèmèt gen yon meyè anviwònman nan peyi-a.Pwojè kreyasyon è marine pwoteje-a nan 3 bè caracol-la kap soti depi nan zone limonade ap koute 4,2 milyon dola.
Reyinyon konsiltasyon wo nivo sou ankadrman anviwònman pak endistriyèl depatman nò-a
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6587.jpg]40SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6588.jpg]40SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6589.jpg]30SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6590.jpg]20SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6591.jpg]20SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6592.jpg]20SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6593.jpg]20SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6594.jpg]20SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6595.jpg]20SAMSUNG DIGITAL CAMERA
[img src=http://rtghaiti.com/wp-content/flagallery/reyinyon-konsiltasyon-wo-nivo-sou-ankadrman-anviwonman-pak-endistriyel-depatman-no-a/thumbs/thumbs_sam_6596.jpg]20SAMSUNG DIGITAL CAMERA

No Comments